TIC ak rezo sosyal yo
pou yon nouvo gouvénans karibeyen
ak rekonstriksyon Ayiti
Pwogram CARDISIS III

[en] [es] [fr]

 

CARDICIS III
Sintèz pwojè a
Etid GHRAP [FR]
Reyinyon Cardicis 3 [FR]
Kont rendi sesyon travay 4 mas 2010 nan Potoprins [FR]
Prezantasyon Pwojet Cardicis3 (Ayiti, 04/05/2010) [FR]
Reyinyon pwodwi
Evalyasyon reyinyon
Phase Post Reunion
Medias

 

METASITE

KOMINOTE CARDICIS

SINTÈZ PWOJÈ A

REZIME

CARDICIS III ap travay pou jwenn tout avantaj ki genyen nan rezo sosyal entènèt la. Rezo sa yo te jwe yon wòl enpòtan aprè tranbleman tè ki sot pase an Ayiti a. Sa te pemèt rezo entènèt yo renfòse atikilasyon yo ak rezo ki nan sosyete sivil la ki sou teren an. Pwojè a, ak konkou TIC yo, ap pèmèt sosyete sivil la patisipe pi aktivman nan rekonstriksyon peyi d Ayiti. Kontribisyon pwojè a ap pemèt sitwayen yo patisipe pi plis nan rekonstriksyon peyi a. An plis, l ap pote yon vizyon gouvènans ki pi bon e k ap plis santre sou Karayib la ak integrasyon li.

Objektif CARDICIS III, se enkouraje efò sosyete sivil ayisyen, karaib ak intènasyonal yo nan yon mouvman reconstriksyon kote pati kiltirel la ap gen poul jwe yo yon wòl nan mezi li kapab. La p genyen tou pou chache diminye difikilte òganizasyonel yo ki lye direkteman ak pakèt inisyativ solidè yo.

Efò CARDICIS III ap konsantre nan 3 nivo konplemantè :

soutyen pou òganizasyon rezo ayisyen nan sosyete sivil la;

soutyen pou atikilasyon rezo sosyal sou entènèt la

atikilasyon ant de nivo sa yo.

CARDICIS III, se yon pwojè ke Inyon Latine mete sou pye ak colaborasyon UNESCO ak OIF. Se FUNREDES ki responsab reyalizasyon projè sa a, ak kolaborasyon solidè GHRAP. CARDICIS ap pousuiv travay ke FUNREDES te komanse depi 2004 (http://cardicis.org), ak soutyen OIF.

Miz an èv operasyonel pwogram nan ap fèt an 3 tan :

1)   Yon premye faz preparatwa kote n’ap genyen :
pou nou tande sa sosyete sivil ayisyen an vle, ak konpilasyon tout demand yo nan yon reyinyon ke GHRAP ap òganize nan Pòtoprens
idantifikasyon patnè yo (yon premye gwoup aktè ki enplike nan tèm pwojè yo epi tou ki motive pou reyalize yo.)
preparasyon yon reyinyon travay ak aktè sa yo;
preparasyon yon modèl sit entènèt ki ta pèmèt atikile yon premye nivo resansman tout aksyon èd pou rekonstriksyon sou teren an ak sou entènèt ;

2)   Dezyem faz la, se yon gwo reyinyon - atelye nan SenDomeng :
Reyinyon sa a ap fèt nan 21 pou rive 25 jen 2010. L ap gen pou enplike patnè nou idantifye yo pou rive defini yon seri aksyon konkrè, ki ale nan menm sans ak ojektif atikilasyon an. Reyinyon sa a dwe pèmèt kreyasyon yon gwoup k ap fè swivi patisipasyon sosyete sivil ayisyèn nan nan rekonstriksyon peyi a, epitou swivi gouvènans la.

3)   Twazièm faz la se pral miz en èv yon sit entènèt ki dwe :
kontribye nan atikilasyon divès rezo yo,
fasilite kòmansman travay konkrè gwoup k ap fè swivi yo,
pèmèt tout lòt aksyon ki defini nan konklizyon reyinyon-atelye a.

 

Kèk bagay ki pase avan

Nou ka konstate ke peyi Karayib toujou genyen divizyon ki ampeche yo aprann pataje lide youn ak lòt. Sa pa pemet yon devlopman lèzòm, mem lè genyen anpil pwosesis integrasyon ekonomik ak institisyonel nan rejyon an. Pwogram CARDICIS [1] la (Caraïbes, Diversidad Cultural & Information Society [2]) te komanse nan lane 2004 la, anba direksyon FUNREDES (Asosyasyon Rezo & Devlopman), ak soutyen Oganizasyon Intènasyonal Frankofoni (OIF) e patisipasyon Inyon Latine.

Objektif pwogram sa a —nan atelye refleksyon— se sansibilize òganizasyon entènasyonal yo ak aktè ki nan sosyete sivil la sou enpòtans divèsité lang ak kilti nan rejyon an pou konstriksyon yon « sosyete pataj konesans » nan Karayib la.

Travay ki te fèt nan atelye yo te byen jere ekilib ant dives zòn, lang ak popilasyon yo, pou patisipan yo ka wè pi byen idantite ki menm nan karayib la, epi tou yo comprann nesesite yon patisipasyon aktif nan pwojè itilizasyon Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon pou devlopman (TICpD).

Pwogram sa a deja òganize 2 reynyon-atelye : Cardicis I (Sent-Lisi, 30 daout -1e septanm 2004) ak Cardicis II (Repiblik Dominikèn, desanm 2005), ak patisipasyon gwo aktè nan sosyete sivil ak anpil òganizasyon entènasyonal (PNUD, Union Européenne, UNESCO, IDRC) ak nan Karayib la (CARICOM, OECS, AEC, ACURIL, elatriye.).

Konklizyon [3] travay sa yo te etabli nesesite apiye konstriksyon rezo sosyete sivil la, e pou you ta itilize TIC yo pou favorize devlopman « sosyete pataje konesans » miltikiltirel. Rezo sa yo dwe implike nan estrateji pou devlopman kap travay nan zòn nan, yon fason pou rive reyalize objektif milenè a (ODM).

Dinamik CARDICIS te mete sou pye a, te jwenn anpil difikilte pou te rete kanpe yon fason otonòm san èd aktè enstitisyonel yo. Inyon Latine ki te trè motive pou pran relèv la, te prepare, an 2009, yon pwojè 3e faz kote yo te adrese yo avek aktè politik nan rejyon an pou ankouraje yo adopte rekòmandasyon CARDICIS II, e pou yo ta entegre yo dirèkteman nan politik piblik yo. Trajedi ki te pase 12 janvie 2010 nan rejyon Potoprens la, te mande yon refleksyon ki fè nou bay pwojè a yon lòt direksyon.

Anpil aktè solidarite entenasyonal ki te vle ede Ayiti, te sezi wè wòl ekstraòdiné ke rezo sosyal yo jwe sou entènèt, kit li te fòmel o kit li te enfòmel, touswit aprè katastròf la. Rezo sa yo te toujou la nan tout domèn (ijans, èd, chèche moun ki pat mouri, refleksyon pou rekonstriksyon an e mobilizasyon solidè rejyonal [4] ak entènasyonal). Men tou, keksyon gouvènans yo ak keksyon patisipasyon sosyete ayisyèn an nan kokennchenn pwosesis rekontriksyon sa ki dwe fèt la, vinn tounen yon bagay santral pou tout moun ki preokipe pou rejyon an, e ki ap reflechi sou impòtans kilti nan pwoblematik devlopman.

Se konsa CARDICIS III vinn chanje direksyon pwojè a : li kenbe esans pwosesis CARDICIS la e li mete li nan kontèks nouvèl sitiyasyon Ayiti a. Epitou, li santre pwojè a sou TIC yo ak rezo sosial yo, yon fason pou favorize yon nouvèl gouvènans nan Karayib la ak patisipasyon sitwayen ayisyen ak karayibeyen nan pwosesis rekonstriksyon Ayiti.

Objektif jeneral CARDICIS III

CARDICIS III, vle kontribye nan pwosesis rekonstriksyon Ayiti a, pandan ke l ap ankouraje sosyete sivil ayisyen an pou li bay yon patisipasyon efektif e ki chita sou bon jan infomasyon, pou yon pi bon gouvènans. Epitou, sosyete sivil la dwe atikile tèt li ak rezo sosyal entènèt nasyonal, rejyonal ak entènasyonal yo. Angajman diaspora ayisyen an se yon faktè transvesal esansiel nan dispositif sa a.

Objektif especifik CARDICIS III

1. Kontribye, a travè TICpD yo, nan miz an plas ak òganizasyon rezo aysyen ak karayibeyen ki enplike ou enterese nan rekonstriksyon fizik, sosyal, politik ak kiltirèl peyi d Ayiti.

2. Mete an èv, ak tout mwayen ki gen nan TIC yo, atikilasyon rezo sa a ki regwoupe enstitisyon ak rezo moun ki konnen sou kesyon entènet, pou yo pale sou rekonstriksyon [5] peyi d Ayiti.

3. Bay bon zouti pou yon pi bon òganizasyon ak atikilasyon rezo ki enplike yo, yon jan pou elan solidarite entènasyonal la kapab eksprime li nan yon fason ki klè e pwodiktif. Mouvman solidarite sa a dwe privilejye tout peyi ki nan Karayib la pou yo ka ale nan mem sans ak anbisyon kiltirel pwojè a.

4. Mete sou pye yon metodoloji espesifik, ansanm ak tout zouti ki nesesè pou ekzèsis ak swivi yon lòt fòm gouvènans kote diferan sektè sosyal yo genyen yon angajman ak yon patisipasyon aktif. TIC ak rezo sosyal yo (patikilyèman sa ki nan rejyon an) dwe kore nouvel fòm gouvènans la.

Montaj enstitisyonel

CARDICIS III, se yon pwojè Inyon Latine kap konplete èd finansyè li ak yon seri kontribisyon OIF ak UNESCO (peyi Benen, Ayiti, Repiblik dominiken, ak Vénézuela te prezante yon demann). Pou realizasyon pwojè sa a, Inyon Latine te rele Asosyasyon Rezo & Devlopman (FUNREDES - http://funredes.org, Ong entènasyonal ki gen Syèj li nan Repiblik Dominikèn e ki fonde pwojè CARDICIS la). Gwoup Ayisyen pou Rechèch ak Aksyon Pedagojik (GHRAP), yon enstitisyon pou rechèch ak aksyon sosyal ki gen anpil eksperyans nan jere pwosesis patisipasyon e ki patnè depi nan premye etap pwojè CARDICIS la, ap fasilite patisipasyon sosyete civil ayisyen an, l ap òganize premye reyinyon travay nan Pòtoprens, epitou li pral dirije yon seri etid sou kesyon refondasyon Ayiti

Jistifikasyon

Jounen jodi a, popilasyon ayisyen nan yon sitiyasyon devastasyon la vi moun ak materyel. Sitiyasyon sa a mande pou mete an plas yon seri aksyon espesifik e efectif, ki pou fasilite yon pwosesis rekonstriksyon pou benefis tout moun, espesyalman sa ki pi ba nan sosyete a. Sa mande patisipasyon aktif anpil sektè sosyal an Ayiti ak a letranje (espesyalman nan Karayib la).

Rezilta nap tann

Nou fèt pou chèche gen influans nan pwosesis rekonstriksyon Ayiti a, avek TIC yo pou ranfose gouvènans sosyete sivil òganize a (an Ayiti, nan diaspora ak nan Karayib la), epi sou ekzesis gouvènans enstans ak espas réfleksyon, ak aksyon an deyò kominote sa a. Inisyativ sa a va chache yon fason pou fasilite yon pi gwo koperasyon ak yon pi bon entèraksyon ant Leta ak aktè ki pa nan leta, anndan rezo ki pran desizyon nan nivo piblik ak prive. Pwogram sa a ap reyalize nan respè ak nan pwomosyon divèsite lang ak kilti nan rejyon an, epi tou lap chita sou prensip dwa pou yon pèp mèt tèt li. Nan pwojè sa a, nou konsidere « sosyete pataj konesans » kouwè yon sijè-objè nan yon pwosesis rekonstriksyon ki pa interese sèlman ak eleman materyèl, e ki gen yon vizyon global, kote zouti yo ak rezilta yo gen mem enpòtans. Rezilta rekonstriksyon an dwe entitisyonèl alafwa ke yo ankre nan sosyete a.

Metodoloji ak prensipal pati pwoje ya

Faz preparasyon  :

Faz sa a va gen pou li idantifye epi pou rasanble tout aktè yo nan kote konpetans sosyal ak TICpD yo kwaze. Aktè sa yo dwe kwè nan objektif pwojè a, epi vle pote eksperyans ak tout konesans yo pou konstwi solisyon òganizasyonèl ki pou kore popilasyon an. Fok pwodwi travay sa ka gen yon swivi. Lis patisipan nan reyinyon travay la depann de kritè endividyel (konpetans ak motivasyon) epi kolektif (ekilib nan reprezantasyon fanm ak gason, sektè, tandans, elatriye.). Gwoup sa pral konpoze ak moun ki soti nan 5 gwoup : Ayiti-lokal, Ayiti-diaspora, Repiblik Dominikèn, Karayib, entènasyonal.

Faz sa a tou ap genyen pou òganize aktivite preparatwa pou reyinyon travay la, sou plan lojistik, metodoloji ak kontni.

Finalman, faz preparatwa sa a ap gen pou sèvi pou reyalizasyon nan modèl sit entènèt atikilasyon an, ki gen pou li reponn ak objektif ki te pwopoze yo. Ap genyen yon premye travay resansman ak klasifikasyon kap alimante sit referans intènèt la, ki te prevwa nanaz 3 a. Sit vèy sa a pou aksyon ak konkretizasyon soutyen pou rekonstriksyon an, ap gen yon lis tout pwojè ak finansman chak pwojè, kontribisyon entelektyel divès sektè yo sou rekonstriksyon peyi d Ayiti. L ap genyen tou yon istorik tout zak solidarite ki te fèt apre tranbleman tè a. Sit sa a kapab vinn baz pou atikilasyon rezo sosyal ki interese nou. Li dwe yon sit referans pou enfòmasyon l ap prezante, epi tou yon sit pratik pou mwayen kominikasyon li pral ofri.

Reyinyon travay

Ap genyen yon Atelye-Reyinyion sòti nan 21 pou rive 24 jen 2010 nan Repiblik Dominikèn. Moun kap gen dwa patisipe se tout moun ki idantifye nan faz ki vini anvan yo, epitou se òganizasyon entènasyonal, aktè ekonomik ki nan rejyion an ak tout otorite leta ki konsène, epitou ki gen dwa pran desizyion.

Atelye sa a ap gen pou analize tèm sa yo:

enplikasyon sosyete ayisyen an nan tout politik piblik ki pral adopte pou rekonstriksyon Ayiti epitou nan tout pwojè ki pi impòtan yo.

konsèvasyon tras istorik tout efò solidarite, epitou rechèch estrateji ak mwayen pou diminye pwoblèm òganizasyonel tout pakèt pwojè solidarite yo vinn bay.

kontribisyon TICpD pou yon pi bon atikilasyon inisiyativ yo, ant yo menm epi avèk sosyete sivil ayisyen an.

estrateji ak mwayen pou pwosesis rekonstriksyon an ka reponn a pèsepsyon sitwayen yo genyen de bezwen yo, epitou pou li byen enkadre nan konteks kiltirèl aysyen ak karayibeyen an.

Atelye a dwe pote rekòmandasyon ki konkrè nan kad itilizasyon TICpD yo ak yon plan aksyon sou sa ki dwe reyalize pi devan ak soutyen e angajman òganizasyon entènasyonal yo.

Pwen komansman atelye a :

Istorik pwojè CARDICIS la

Dokiman pwopozisyon GHRAP ki gen a wè ak :

a)   atkilasyon sosyete sivil ayisyen an ak CARDISIS III, pandan faz relèvman an ;

b)   pwodiksyon etid sou sa ki konsène rekonstriksyon an :

sentèz resansman pasyel inisyativ yo

prezantasyon modèl sit entènèt la

yon ti prezantasyon inisyativ ki la yo oswa ki reprezante

Fòma atelye a :

Yon reyinyon ak tout patisipan yo (pleniè) pou definisyon metodoloji ak òganizasyon gwoup travay yo.

Separasyon patisipan yo an gwoup travay

Sintèz ak deba sou pwodiksyon chak gwoup travay

Pwodiksyon dokiman konsensis yo

Rezilta ak konklizyion, epi preparasyon eleman k’ap diskite nan reyinyon sintèz la.

Yon reyinyon protokolè ak sentèz ap vini touswit aprè atèlye a, nan dat 25 jen 2010.

Pwodui ki ta dwe soti nan reyinyon an :

yon seri rekòmandasyon ak yon plan aksyon;

espesifikasyon ekstèn pou soti nan nivo modèl sit entènèt la, pou pase nan faz sit entènèt pi definitif la, epi atikilasyon ak inyon divès rezo yo pou pwosesis rekonstriksyon an;

fomasyon yon gwoup swivi pou plan aksyon an;

angajman òganizasyon entènasyonal yo pou yo ta finanse pwojè a.

Diferan faz travay yo :

Definisyon nan faz sa a ak modalite fonksyonman li ap yonn nan prensipal aktivite reyinyion an. Li ta dwe derape touswit aprè fen reyinyon an, si gen mwayen finansye ki disponib.

Deplwaman pwojè sa a, ki se yon pwojè atikilasyon, rechèch, inyon ak convèjans tout inisyativ ki deja sou plas yo, pa ta dwe mobilize plis pase yon pati tou piti nan mwayen ki gen a wè ak miz an èv rekonstriksyon an. Pi fò nan mwayen yo dwe sèvi pou jwenn yon rezilta siyifikatif sou plan kiltirèl ak oganizasyonèl yo.

 


[1] http://cardicis.org

[2]Nan dokiman pwojè a, nou pito itilize expresyon : “sosyete ki pataje konesans” pase “sosyete infòmasyon”. Nou kenbe expresyon “sosyete infòmasyon” nan tit la, pou sig pwoje a ka li pi fasil pou komprenn.

[3]Al gade rezilta 2e reyinyon an : http://cardicis.org/r2.php?lan=fr&pg=r2Productos.

[4]Solidarite peyi rejyon karayib la, sitou solidarite peyi voizin an, Repiblik Dominiken, te fè moun sezi, men media intènasyonal yo te pito konsantre sou impòtans èd ki te soti nan Etazini ak Ewop. Sa ekplike pouki sa yo pa bay solidarité peyi Karayib la inpòtans li te genyen, sitou ke li pemet nou gen espwa pou lavni rejyon an. Fok nou di tou ke peyi ki pataje yon moso nan heritaj ayisyen an, tankou peyi afriken you ak Brezil, te deploye yon kokenn mobilizasyon tou.

[5]Sitou sa ki gen pou a wè ak prevansyon desàs natirel yo, ki se yon gwo pwoblèm nan tout peyi rejyon an genyen. Eksperyans sa a dwe itil pou yo tou.